Search the Bible

Haitian Creole Version

Ezayi 12

1 ¶ Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.
2 Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!
3 Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.
4 ¶ Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè.
5 Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
6 Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Chapter Summary

Yon chante rekonesans ak lajwa: Bondye se sali mwen; ak lajwa n ap rale dlo nan sous sali yo.

Book Summary

Ezayi anonse jijman ak espwa pou Jida: sentete Bondye, foli pou moun mete konfyans yo nan nasyon yo, ak pwomès yon Wa k ap vini ansanm ak yon Sèvitè k ap soufri. Pwofesi li yo sou Emanyèl ak lanmò Sèvitè a pou peche yo se fondasyon pou Nouvo Testaman an.