1 ¶ Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa:
2 -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk.
3 Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm!
4 Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè!
5 Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!
Book Summary
Jeremi se apèl karant ane pwofèt ki t ap kriye a pou Jida repanti anvan konkèt Babilòn nan. Nan mitan jijman an, li anonse yon nouvo kontra ki ekri nan kè a ak plan Bondye pou bay pèp li lapè ak espwa.