Search the Bible

Haitian Creole Version

Jòb 25

1 ¶ Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.
3 Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.
4 Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?
5 Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.
6 Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?

Chapter Summary

Nan yon kout diskou final, Bildad deklare pèsonn ki fèt de yon fanm pa ka jis devan Bondye majestik la.

Book Summary

Jòb lite ak soufrans yon nonm ki jis ki pèdi tout bagay men ki refize modi Bondye. Atravè konvèsasyon ak zanmi li yo ak repons Bondye nan mitan van tanpèt la, liv la egzamine lafwa, jistis ak limit konprann moun.