Search the Bible

Haitian Creole Version

Jòb 42

1 ¶ Men sa Jòb reponn Seyè a:
2 -Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.
3 Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen.
4 Ou te mande m' pou m' koute sa w'ap di m', pou m' pare pou m' reponn ou.
5 Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen.
6 Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.
7 ¶ Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.
8 Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.
9 Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a.
10 ¶ Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.
11 Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò.
12 Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (14.000) mouton, simil (6.000) chamo, demil (2.000) tèt bèf ak mil (1000) manman bourik.
13 Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi.
14 Li rele pi gran pitit fi a Jemina, dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn apouk.
15 Nan tout peyi a pa t' gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l' yo ansanm ak frè yo.
16 Apre sa, Jòb viv jouk li rive gen sankarantan sou tèt li. Li wè pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo, jouk rive sou kat jenerasyon.
17 Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.

Chapter Summary

Jòb repanti nan pousyè ak sann, li priye pou zanmi li yo, epi Bondye restore fòtin li ak doub benediksyon.

Book Summary

Jòb lite ak soufrans yon nonm ki jis ki pèdi tout bagay men ki refize modi Bondye. Atravè konvèsasyon ak zanmi li yo ak repons Bondye nan mitan van tanpèt la, liv la egzamine lafwa, jistis ak limit konprann moun.