Search the Bible

Haitian Creole Version

Levitik 12

1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.
3 Sou wityèm jou a, y'a sikonsi pitit la.
4 Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p'ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l' ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a.
5 Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l' pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a.
6 ¶ Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal.
7 Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè.
8 Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.

Chapter Summary

Lwa yo preskri peryòd pirifikasyon an ak ofrann yo mande pou yon fanm apre li fin akouche.

Book Summary

Levitik prezante lwa sou adorasyon, ofrann ak sentete Bondye te bay Izrayèl sou mòn Sinayi. Ak sèvis prèt yo ak apèl pou yo sen menm jan Bondye sen nan sant li, li esplike ofrann yo, lwa pwòpte yo, jou padon an ak fèt chak ane yo.