Search the Bible

Haitian Creole Version

Oze 3

1 ¶ Seyè a pale ak mwen ankò, li di m' konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l' ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l' menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.
2 Se konsa, m' al achte yon fanm k'ap fè adiltè, mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik lòj pou li.
3 Mwen di l'. -Ou pral rete avè m' atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak ankenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou.
4 Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.
5 Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Seyè a, Bondye yo a, va fè yo chache l', y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Seyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l'.

Chapter Summary

Oze rachte madanm enfidèl li a, sa ki ilistre lanmou pèsistan Bondye pou Izrayèl malgre rebelyon li.

Book Summary

Maryaj Oze ak yon madanm ki pa t fidèl vin tounen yon parabòl vivan sou lanmou kontra Bondye pou Izrayèl ki te pèdi wout li. Liv la devwale adiltè espirityèl Izrayèl la epi anmenmtan li revele yon lanmou diven ki pa lage pèp li.