Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 108

1 ¶ (108:1) Se yon chante David. (108:2) Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.
2 (108:3) M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!3 (108:4) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
4 (108:5) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
5 (108:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
6 ¶ (108:7) Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
7 (108:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
8 (108:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye.
9 (108:10) Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.
10 (108:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
11 (108:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
12 (108:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
13 (108:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.

Chapter Summary

Ak kè fèm David leve nan douvanjou ak lwanj epi li fè Bondye konfyans pou viktwa sou Edòm ak tout ènmi.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.