1 ¶ Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.
2 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.
3 Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.
4 Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.
5 Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.
6 ¶ Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.
7 L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.
8 Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
9 Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!
10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
Chapter Summary
Yon sòm akwostik ki fè lwanj gwo zèv Bondye, fidelite alyans li, ak krent Senyè a kòm kòmansman sajès.
Book Summary
Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.