Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 113

1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!
2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.
3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!
4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.
8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!

Chapter Summary

Depi solèy leve rive li kouche yo fè lwanj Senyè a, li menm ki bese pou leve pòv la epi fè l chita ak prens.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.