1 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.
2 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,
3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.
4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.
5 Wi, lavalas ta pote nou ale.
6 ¶ Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.
7 Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.
8 Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Book Summary
Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.