Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 141

1 ¶ Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
2 Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
3 Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
4 Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo!
5 ¶ Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
6 Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.
7 Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.
8 Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou!
9 Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo.
10 Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen!

Chapter Summary

David mande Bondye pou l gade bouch li ak kè li, li aksepte yon reprimand ki jis epi li fikse je l sou Senyè a.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.