1 ¶ Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.
2 Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!
3 Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.
4 Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.
5 Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
6 Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan!
7 M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.
8 ¶ Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.
9 Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.
10 Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
11 W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.
Chapter Summary
David jwenn refij, lajwa ak sekirite sèlman nan Bondye, konfyan ke Bondye p ap abandone l nan tonm nan.
Book Summary
Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.