Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 21

1 ¶ (21:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (21:2) Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.
2 (21:3) Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou.
3 (21:4) Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.
4 (21:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
5 (21:6) Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,
6 (21:7) Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.
7 ¶ (21:8) Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.
8 (21:9) Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo.
9 (21:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
10 (21:11) W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.
11 (21:12) Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo.
12 (21:13) L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale.
13 (21:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!

Chapter Summary

Wa a rejwi nan viktwa Bondye bay, paske li fè konfyans nan lanmou san parèy Trèwo a.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.