Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 54

1 ¶ (54:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (54:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (54:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
2 (54:4) Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!3 (54:5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
4 ¶ (54:6) Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen.
5 (54:7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
6 (54:8) Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.
7 (54:9) Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.

Chapter Summary

Trayi devan Sayil pa moun Zif yo, David envoke non Bondye, konfyan ke Senyè a ap soutni l.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.