Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 57

1 ¶ (57:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. (57:2) Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.
2 (57:3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
3 (57:4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.
4 (57:5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.
5 (57:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
6 (57:7) Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li.
7 ¶ (57:8) Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.
8 (57:9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!
9 (57:10) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
10 (57:11) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
11 (57:12) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!

Chapter Summary

Pandan li kache de Sayil nan yon gwòt, David chèche refij anba zèl Bondye epi li pwomèt chante lwanj pami nasyon yo.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.