1 ¶ (6:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (6:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2 (6:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
3 (6:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
4 (6:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
5 (6:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
6 (6:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
7 (6:8) Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
8 ¶ (6:9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.
9 (6:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
10 (6:11) Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
Chapter Summary
Sòm nan, fatige de plenn, sipliye mizèrikòd ak gerizon Bondye, konfyan ke priyè li tande.
Book Summary
Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.