Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 61

1 ¶ (61:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (61:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!
2 (61:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
3 (61:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.
4 (61:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.
5 ¶ (61:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.
6 (61:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.
7 (61:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.
8 (61:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

Chapter Summary

Depi nan bout tè a David kriye pou yo mennen l sou wòch ki pi wo pase l la.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.