1 ¶ (67:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. (67:2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,
2 (67:3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.
3 (67:4) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
4 (67:5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè.
5 (67:6) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
6 (67:7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.
7 (67:8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.
Book Summary
Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.