Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 70

1 ¶ (70:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (70:2) Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!
2 (70:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
3 (70:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
4 (70:5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!
5 (70:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!

Chapter Summary

Yon kout kri ijan pou Bondye vini vit epi ede pòv ak nesesitè k ap chèche l yo.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.