Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 93

1 ¶ Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.
3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.

Chapter Summary

Senyè a reny abiye ak majeste, pi pwisan pase lanmè k ap gwonde, epi lwa li rete fèm.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.