Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 99

1 ¶ Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
2 Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
3 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!
4 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.
5 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye!
6 ¶ Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo.
7 Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.
8 Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
9 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.

Chapter Summary

Senyè a reny sou twòn pami cheriben yo; li egzalte epi sen, epi li reponn moun ki envoke l yo.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.