Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 120

1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.
2 Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.
3 Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?
4 Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?
5 ¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.
6 Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!
7 Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

Chapter Summary

Yon pelren nan detrès kriye nan Bondye, fatige de rete pami moun ki rayi lapè epi ki renmen lagè.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.