Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 121

1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?
2 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
3 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
4 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
5 Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
7 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

Chapter Summary

Pelren an leve je l bay mòn yo: sekou vini nan men Senyè a, ki veye ou epi ki pa janm dòmi.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.