Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 133

1 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
2 Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.
3 Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.

Chapter Summary

Ala bon ak agreyab li ye pou pèp Bondye viv nan linite, tankou lwil presye a ak lawouze mòn Emon an.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.