Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 134

1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
2 Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a!
3 Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapter Summary

Yo rele sèvitè nwit tanp yo pou leve men yo epi fè Senyè a lwanj, ki beni depi Siyon.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.