Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 149

1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!
2 Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
3 Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!
4 Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.
5 Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
6 ¶ Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,
7 pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,
8 pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,
9 pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!

Chapter Summary

Izrayèl chante yon nouvo chante, paske Senyè a pran plezi nan pèp li epi li kouwone moun imilye yo ak viktwa.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.