Search the Bible

Haitian Creole Version

Sòm 150

1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!
2 Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!
3 Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!
4 Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!
5 Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!
6 Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!

Chapter Summary

Gwo final la: fè Bondye lwanj nan sanktyè li ak twonpèt, ap ak dans—se pou tout sa ki gen souf fè Senyè a lwanj.

Book Summary

Sòm yo se liv chante Bib la: san senkant lapriyè ak chante louwanj, plent, remèsiman ak konfyans, anpil ladan yo yo di David te ekri. Depi nan fon dezespwa jouk nan wotè adorasyon, yo pote lapriyè pèp Bondye a pandan plizyè milye ane.